Settings
Light Theme
Dark Theme
Podcast Cover

Metye Vokasyon ak Travay

  • S2E3 - Administratè Rezo & Lojistisyen Militè

    24 APR 2020 · Kr: Nan epizòd sa, mwen pale avèk Cassa Marcelin, ki etidye syans enfòmatik avèk on espesyalizasyon nan rezo epitou li se sèjan nan lame amerikènn. Li eksplike ki travay li fè, kòman yo te rekritel nan lame a epi li bay detay sou diferan branch nan fòs militè Etazini. Li pale tou de kijan li balanse lame a, travay pèsonèl li epi pastan li genyen. En: In this episode, I talk to Cassa Marcelin, a computer engineer with a master's in networking who is also an active US Army Sergeant. He tells us the kind of work that he engages in, how he got recruited into the Army, and goes into details about the various branches of the Army. He explains how he balances his personal life, his hobbies alongside his military career.
    22m 12s
  • S2E2 - Sosyològ & Espesyalis nan Touris

    16 APR 2020 · Kr: Nan epizòd sa, mwen chita pale avèk Frederic Cherestal ki se yon sosyològ, epi li gen on metriz nan touris. Li bay detay sou kisa sosyoloji ye, epi ki wòl moun ki gen metriz nan touris ta dwe genyen nan yon peyi tankou Ayiti. En: In this episode, I talk to Sociologist Frederic Cherestal, who has a master's degree in tourism. He provides details on what is sociology, and the role that a person with similar credentials in tourism should play in a country such as Haiti.
    43m 30s
  • S2E1 - Doktè Zo

    9 APR 2020 · Kr: Nan epizòd sa, m'pale avèk Dr Kernizan ki se yon doktè zo. Li eksplike kijan moun etidye medsin nan inivèsite prive an Ayiti, kisa on doktè zo fè, epi kijan lap degajel antan ke pwopriyetè on klinik prive. En: In this episode, we talk to Dr. Kernizan, an orthopedic surgeon. He explains the struggles of studying medicine in Haiti's private universities. He also explains what orthopedists do, provides some insight on running his own clinic.
    30m 4s
  • S2E0 - Entwo

    2 APR 2020 · Kr: Nan epizòd sa a, mwen eksplike kisa ki ap genyen de nouvo nan dezyèm sezon an epi mwen fè on ti pale avèk sikològ Vanessa ki pale de kisa nou ka fè pandan peryòd sa a ke nou oblije rete anndan kay la. En: In this episode, I explain the new changes in this second season, and I sit with Psychologist Vanessa, who explains what we can do while we are all locked in during this pandemic.
    16m 50s
  • S1E9 - Sikològ

    17 OCT 2019 · Kr: Nan epizòd sa m’resevwa Vanessa ki ap fè on mastè nan sikoloji sosyal. Li eksplike kisa sikoloji a ye, ki diferan branch ki gen ladanl epi ki kote yo travay. Li rakonte tou eksperyans etidye nan fakilte etnoloji a te ye pou li. En: In this episode, we speak to Vanessa, who is currently working on her Masters in social Psychology. She explains the different branches of Psychology and the kind of work that they do. She talks about her experience while studying at her Alma Mater.
    23m 34s
  • EE1 - Prevansyon Suisid / Suicide Prevention

    10 OCT 2019 · Kr: Jounen mondyal sante mantal selebre 10 oktòb, se on okazyon poun eklèsi lide moun sou kisa sante mantal ye. Ane sa tèm jounen an se « prevansyon suisid ». Nan lide poum fè sansibilizasyon sou sa, jodia mwen fè on epizòd espesyal; ladan’l ou pral tande Vanessa, Catherine, Gabael epi Edna ki se pwofesyonèl ki kon’n rankontre a janr de ka sa yo ki eksplike epi bay konsèy sou kisa suisid la ye, kijan ou ka ede on moun ki gen entansyon fèl oubyen on moun ki te tante fèl deja. Aprèsa wap tande 5 lòt moun ki te chwazi bay konsèy, oubyen di on mo pou rekonfote moun ki soufri depresyon. En: The World Mental Health Day is being held on October 10, an opportunity to clarify people's ideas about what mental health is all about. This year's theme is "suicide prevention" in order to raise awareness, today I bring you a special episode. You will hear from Vanessa, Catherine, Gabael and Edna, who are professionals who encounter these kind of cases. They give advice and explain what suicide is, how to help potential victims, or survivors. You also get the chance to hear from 5 people who have experienced depression each in their own way have chosen to come forward in order to help those in need.
    30m 34s
  • S1E8 - Nitrisyonis

    26 SEP 2019 · Kr: Nan epizòd sa a mwen pale avèk Stephie ki se on nitrisyonis. Li explike kisa nitrisyon an ye, epi li bay detay de kisa on moun ki etidye sa ka fè epi li men’m kisa’l fè kòm travay. Li pale tou de kijan on moun ki etidye on karyè ki pa regile nan peyi a travay. En: In this episode, I talk to Stephie, she’s a nutritionist. She elaborates on what is nutrition, and gives us an insight on what nutritionists do for work. She also gets into what it is to work in a field that the government does not yet regulate.
    28m 3s
  • S1E7 - Frè, Edikatè, Otè

    29 AUG 2019 · Kr: Nan epizòd sa m’pale avèk frè Nelson, ki se on edikatè. Li eksplike kisa edikasyon ye, diferans ant syans edikasyon avèk lekòl nòmal, nou pale tou sou oryantasyon pwofesyonèl, diferans ant pè ak frè, epi tou sou liv li ekri. En: In this episode, we talk to Brother Nelson, an educator. He explains what education is, and the difference between majoring in educational science, and graduating from "Ecole Normale Superieure". We also spoke of his career path, the difference between a priest and a brother, and about book that he has written.
    45m 5s
  • S1E6 - Sindy Creations

    9 AUG 2019 · Kr: Nan epizòd sa, m’fè on ti pale avèk Sindy, ki eksplike sal etidye epi kijan timoun ki etidye nan lòt peyi sibi presyon sosyal lè yo retounen Ayiti; nou pale tou de pastan li te genyen ke li fè tounen biznis epi kòman lap fonksyone nan on peyi ki pa ankouraje moun gen biznis. En: In this episode, I sit down with Sindy; we discuss what she majored in, and social pressures experienced in Haiti by those who studied abroad. We speak about her past time that she made into her business, and how she maneuvers in a country that does not encourage entrepreneurship.
    24m 27s
  • S1E5 - Jesyon

    1 AUG 2019 · Kr: Nan epizòd sa, mwen fè yon ti chita pale avèk Shaya ki etidye jesyon epi ki ap travay kòm oditè. Li explikem kisa odit la ye, epi kisal fè kòm travay. En: In this episode, we chat with Shaya, who majored in management but only works in auditing. As an auditor, she tells us about her work in detail, and all that she does.
    19m 41s

Kr: Chita pale an kreyòl sou metye, vokasyon ak travay avèk moun kap evolye nan on domènn espesifik nan objektif poun aprann plis sou sa moun nan ap fè a...

show more
Kr:
Chita pale an kreyòl sou metye, vokasyon ak travay avèk moun kap evolye nan on domènn espesifik nan objektif poun aprann plis sou sa moun nan ap fè a epi eksperyans li.
Nap gen nouvo epizòd nan jedi matin.

En:
A conversation in Haitian Creole on Trades, Degrees, Vocations and Jobs with professionals thriving within these various career paths. New episodes will be available on Thursday Mornings.
show less
Contacts
Information

Looks like you don't have any active episode

Browse Spreaker Catalogue to discover great new content

Current

Looks like you don't have any episodes in your queue

Browse Spreaker Catalogue to discover great new content

Next Up

Episode Cover Episode Cover

It's so quiet here...

Time to discover new episodes!

Discover
Your Library
Search