Settings
Light Theme
Dark Theme
Podcast Cover

Manje sale podcast

  • Explicit

    Madan papa. Sugar daddy. Gason sa yo k ap bay lajan e fanm sa yo k ap pran lajan. Pou yon mache ekilibre fok of la egal ak demann lan

    22 MAR 2021 · MizIk: POUSYE D-Fi Softrabbits. Poukisa w gen 99 jijman pou fanm k ap pran lajan nan men gason an men 1 grenn sèlman pou gason k ap bay lajan an? E grenn jijman sa se «poukisa se pa mwen»? Poukisa se pa mwen. Admèt li. Ou t ap renmen pou yon gason ap vide lajan sou ou menm jan yo fè modèl yo. Welp anpil moun ta renmen sa. Ou menm tou garson, ou t ap renmen gen lajan, gen chanpay, gen bato pou w ap depanse a. It’s alla about power. Nan yon mond kote gason kreye e pwofite de kapitalis, pran lajan nan men gason se yon aksyon de reparasyon. Nan yon mond kote yo di fanm sispann fe parese al travay, ou rive nan travay patron mande w bouboun, pran lajan nan men gason se jistis. Wi ou ka yon alye, wi ou ka fe sa chanje. Si w se yon gason prete vwa w, kreye opòtinite, sispann asele nou pou travay. Nan epizod sa nou pale de mit “sugar daddy” a. Nou eseye reveye tifi ak tigason ki ta renmen fe sa pita. Paske an reyalite yo vann ou yon rev ke «hey pran ti granmoun ti se granmouun egare» Men se pa sa ditou. Epitou m dezole pou absans mwen. M ta renmen rebrand podcast la, petèt agrandi lodyans lan. menm pa konn kijan. Sinon, m renmen entimite nou. Like anpil. Sonje ekri m, banm feed back envite tet nou. mwen la pou tout moun.
    13m 28s
  • BOBISTÒ. Kijan 200% Ayisyen patisipe Nan Blanchiman Po.

    7 JAN 2021 · Ou pako janm itilize yon krem sou po w. Ou renmen ti po nwa fen w. Kijan w patisipe nan koze douko sa? Nou tout koupab de kolorism. Nou tout patisipe nan kolorism. Ou menm, mwen menm, gran papa w, gran papa m , chyen ak pinèz sou kabann nou, nou tout se kolorist.
    28m 42s
  • Explicit

    Konsantman ak yon K

    23 DEC 2020 · Nan epizod sa nou diskite sou konsantman ak limit konsantman. Tout wi pa wi e kijan nou ka konnen si wi a se yon wi toutbon.
    21m 29s
  • Nou Ale. X D-fi

    3 NOV 2020 · Èske kite legliz la se toujou yon bagay fasil? # Nan epizòd sa, mwen ak Emma ki se 2 ti mounton pèdi, pèmèt tèt nou pale san filtè sou pasaj nou nan legliz. Nou pale de wòl nou, nou pale de sa nou viv anndan legliz la, nou pataje nostalji nou, eksperyans nou ak lòt ti kò kretyen e nou menm bay konsèy pou jèn parèy nou ki nan legliz e ki “confus as hell”
    59m 34s
  • Bouzen. Poukisa tout Fanm Ta Dwe Yon Bouzen? Mizik Defi x Pousyè

    19 OCT 2020 · Nan epizòd sa nou pale de “Bouzen“ antanke yon etikèt ke sosyete a mete sou fanm.
    23m 56s
  • Poukisa Manman Ayisyèn Rayi Pitit Fi Yo Konsa? Mizik: D-Fi X Pousyè

    29 SEP 2020 · Ou gen “daddy issues ” ou gen pwoblèm papa, papa w pa t nan lavi w. Se sa nou souvan di fanm lè yo di yo rayi gason. Oubyen lè yon fanm gen tandans atache l twò vit a gason. Si fanm rayi gason paske papa yo pa t yon bon papa, kisa nou ka di de fanm ki se premye lenmi fanm? Èske medam sa yo gen mommy issue? Nan epizòd sa nou pale de relasyon manman ak pitit fi Ayisyèn. Nou pale de difikilte ki genyen pou yon manman renmen pitit fi li. Nou fè diferans ant lanmou matènèl e ensten matènèl Nou pale de difikilte ki genyen nan matènite, de presyon sosyete a mete sou manman, de twoma jenerasyonèl ak presyon relijyon. An gwo nou pale de gwo defi ki genyen pou yon fanm Ayisyèn renmen tèt li nan yon sosyete ki pa t pare pou li. Cover 📷: instagram: cedclearshot
    54m 40s

Manje sale se yon espas san jijman kote nou pwomèt ou a 100% ke n ap fè w ri, na p fè w fache, n ap fè òni, n ap...

show more
Manje sale se yon espas san jijman kote nou pwomèt ou a 100% ke n ap fè w ri, na p fè w fache, n ap fè òni, n ap fè w reflechi...Nou la pou tout moun.

Menm si manje sale ouvri a tout moun gen 3 kondisyon pou manje sale:

1- Fè rechèch pa w. Aprè w fin koute yon epizòd, al sou sit nou an kote w ap jwenn tout kalite sous, video, dokiman ke nou itilize pou kreye podcast yo.

2- Manje sale pa yon epas pou timoun. Nou itilize langaj ki vilgè. Se pa nou ki pral louvri lespri tilèzanj yo.

3- Manje sale se yon epas ki santre fanm sitou fanm Ayisyèn.

Non pa mwen se Lilith, mwen gen 25 an, mwen konsidere tèt mwen agnostik, mwen kwè nan lasyans e mwen 200% sipòte kominote LGBTQIA a
show less
Contacts
Information

Looks like you don't have any active episode

Browse Spreaker Catalogue to discover great new content

Current

Looks like you don't have any episodes in your queue

Browse Spreaker Catalogue to discover great new content

Next Up

Episode Cover Episode Cover

It's so quiet here...

Time to discover new episodes!

Discover
Your Library
Search