Settings
Light Theme
Dark Theme
Explicit

YON LEKÒL TÈT ANBA NAN YON PEYI TÈT ANBA

YON LEKÒL TÈT ANBA NAN YON PEYI TÈT ANBA
Oct 25, 2021 · 19m 19s

Premye chapit Fèy pistach ak fèy kanpèch «Èske ou konprann sa w [ap] li a?» (Travay apot yo, chap.8, v. 30) Tout pwofesè lekòl ann Ayiti ta dwe poze chak...

show more
Premye chapit
Fèy pistach ak fèy kanpèch
«Èske ou konprann sa w [ap] li a?» (Travay apot yo, chap.8, v. 30)
Tout pwofesè lekòl ann Ayiti ta dwe poze chak elèv keksyon sa a. E yo ta dwe kontwole repons lan pou yo wè sa li vo. Sa pa kont si yon timoun di: Wi l konprann. Se pou pawòl li ak esplikasyon li bay yo, montre li konprann sa li li a.
Èske tout pwofesè lekòl tout kote sou latè bezwen poze chak elèv menm keksyon sa a? M pa kwè sa, paske nan sistèm lekòl ki pa tèt anba yo, reskonsab edikasyon nasyonal, direktè lekòl, paran elèv, gran elèv, ti elèv deja rekonèt yon prensip klè: li san konprann, se pa li toutbon.
Èske pi fò pwofesè ayisyen ta mal dekwa pou yo ta kwè: li san konprann, se li toutbon? M pa panse sa. Men, yon sitiyasyon dwòl lekòl tèt anba gen dwa touble tèt yo. N ap wè sa si nou kalkile pawòl 2 pwofesè oubyen 2 jounalis, 2 doktè, 2 avoka, 2 agwonòm, 2 enjenyè, yon Ayisyen, yon Dominiken, kit se 2 medam, kit se 2 mesye. Dominiken an rive sou tèt yon mòn an Dominikani. Ayisyen an rive sou yon tèt mòn ann Ayiti. Kèk timoun vin di yo bonjou.
(1) Dominiken an mande 2 nan timoun yo non yo. Dapre wotè yo ak gwosè yo, sanble yo te kapab gen uit an kon sa. Non tifi a se Izabela. Yo rele tigason an Domingo. Alèkile, li poze yo chak yon keksyon:
Èske ou konn li? Repons la se te: wi.
Li rale yon bèl ti liv istwa pou timoun nan valiz li, li fè 2 timoun yo gade desen ki nan liv la epi li di yo li yon paj ladan n.
(2) Ayisyen an mande 2 timoun, uit an kon sa, non yo. Se te Doudoun avèk Jojo. Alèkile, li poze yo chak menm keksyon an:
Èske ou konn li? Repons la se te: wi.
Li rale yon bèl ti liv istwa pou timoun nan valiz li, li fè 2 timoun yo gade desen ki nan liv la epi li di yo li yon paj ladan n.
Panyòl pou ti Dominiken uit an
Èske koze nimewo (1) an ak koze nimewo (2) a se 2 koze marasa, youn ki pase an Dominikani an jiyè 2002, lòt la ann Ayiti nan menm semenn jiyè 2002 a?
4
Atansyon: Pengwen pa anana. Dlo manyòk pa lèt. Fèy pistach ak fèy kanpèch sanble anpil, men, yo pa menm.
Dapre mwen, pou Dominiken (elèv kou pwofesè), gen yon mo, nan 2 koze yo, ki pa gen sans, pi fò elèv ak pwofesè ayisyen ba li a.
Pou Dominiken, li se fè lèt remèt sans, kit yo pouse son, kit yo pa pouse son. Pou pi fò pwofesè ak elèv ayisyen,
li se fè lèt pouse son, kit yo remèt sans, kit yo pa remèt sans.
Gen yon manman diferans la a. Gen li ak li. Tout madigra se madigra. Tout madigra pa menm madigra.
Lè yon timoun uit an, ki nan pwòp peyi l, tande yon granmoun, nan menm peyi a, mande l si li konn li, si timoun nan se yon ti Brezilyen Brazilya,
se yon ti Chinwa Peken, se yon ti Ejipsyen Okè,
Timoun Brezil, Timoun Lachin, Timoun Ejip, Timoun Etyopi, Timoun Lafrans, Timoun Japon, Timoun Risi,
èske ou konn li woumen? èske ou konn li indi? èske ou konn li ebre? èske ou konn li arab? èske ou konn li italyen? èske ou konn li koreyen? èske ou konn li polonè?
se yon ti Franse se yon ti Japonè se yon ti Ris
Pari, Tokyo, Moskou,
timoun uit an sa a pa fouti konprann li annafè ak yon moun tèt varye ki vle mande l:
E vrèman vre, se pa okenn moun fou k ap pale ak li. Li gen rezon kwè, sa granmoun nan vle mande a se si menm lang m ap pale avè w la a, sèl lang sa a ou konn pale a, pandan ou se yon timoun piti uit grenn ane, èske ou konn li l, depi se pawòl pou timoun piti ki ekri ladan n?
Alèkile, lè Dominiken an montre Domingo ak Izabela ti liv istwa pou timoun nan, se yon ti liv ki ekri an panyòl pou timoun piti ki pa konn lòt lang pase panyòl. E pou ki sa se panyòl sèlman yo konnen, yo konprann, yo pale? Se paske, depi uit an, kote yo fèt la, kote yo leve a, kote yo rete a, se panyòl granmoun aje pale, se panyòl mesye dam ant dezaj pale, se panyòl jennjan ak jennfi pale, se panyòl papa ak manman, frè ak sè, tantin ak tonton pale. Se panyòl vwazinaj pale. Se panyòl moun k ap jwe bizbòl pale. Se panyòl moun
5

k ap joure pale. Se panyòl moun k ap bay odyans pale. Se panyòl moun ki nan lapenn pale. Se panyòl moun pale, lè kè yo kontan. Se nan panyòl tout moun benyen chak jou Bondye kreye, chak èdtan nan chak jou, chak minit nan chak èdtan, chak segonn nan chak minit.
Franse pou ti Ayisyen uit an
Ki liv istwa pou timoun nou kwè ki te nan valiz nèg Pòtoprens la oubyen nègès Jakmèl la ki te rive Segen sou tèt mòn Lasèl la? Sa ki te ekri nan paj li tap mande Jojo ak Doudoun li pou li a? Men pawòl yo:
«Qui craint le grand méchant loup? Ce n’est pas moi. C’est peut-être vous. Si jamais nous le rencontrons, foi de millions de petits cochons, à sa barbe nous ricanerons: Ah! Ah! Ah! Ah! Ah!... Mais le numéro trois garda le sang-froid, le leur dit: Venez, chez moi. Et les petits cochons ne firent qu’un bond à la maison... Il était trois petits cochons à la queue en tire-bouchon...»
Reflechi sou koze Ayisyen gran konnen k ap pale ak 2 timoun uit an, Segen, sou tèt mòn Lasèl la. Si li te tonbe pale franse ak yo, nou ta gen rezon di tèt li pa fin drèt. Men, moun nan byen nan tèt li. Se poutèt sa li pale kreyòl ak timoun yo. Se pa an franse li mande yo non yo. Se pa an franse li pran nouvèl fanmi yo, li fè ti blag avèk yo, li ofri yo sirèt. Se pa an franse li mande yo si yo konn li. Pou ki sa se kreyòl sèlman li pale ak Doudoun ak Jojo? Konnen li konnen se kreyòl sèlman yo konnen, yo konprann, yo pale. E li byen konnen pou ki sa tou. Se paske, depi uit an, kote yo fèt la, kote yo leve a, kote yo rete a, se kreyòl granmoun aje pale. Se kreyòl mesye dam ant dezaj pale. Se kreyòl jennjan ak jennfi pale. Se kreyòl papa ak manman, frè ak sè, tantin ak tonton pale. Se kreyòl vwazinaj pale. Se kreyòl moun k ap jwe foutbòl pale. Se kreyòl moun k ap joure pale. Se kreyòl moun k ap bay odyans pale. Se kreyòl moun ki nan lapenn pale. Se kreyòl moun pale, lè kè yo kontan. Se nan kreyòl tout moun benyen chak jou Bondye kreye, chak èdtan nan chak jou, chak minit nan chak èdtan, chak segonn nan chak minit.
Ayisyen gran konnen an konn sa klè. Ak tou sa li gen kè pou li mande ti Doudoun, ki gen uit an, ti Jojo, ki gen uit an, li kèk liy yon istwa ki ekri an franse. Lè mwen di: sitiyasyon lekòl tèt anba a kapab vire lòlòj anpil moun save ann Ayiti, èske se egzajere m ap egzajere, èske se depale m ap depale?
Kote nou janm tande moun ki gen gran konesans nan edikasyon ak sikoloji e ki ta vle konnen nan ki pwen yon timoun uit an rive nan lekti (egal nan konn li), ta fè l li yon ti koze nan yon lang timoun nan pa konn pale?
6

Se sèten Barbara Biber, Jerome Bruner, John Dewey, Jonathan Kozol, Steven Pinker pa ta fè ti Ameriken 8 an mechanste fè yo li yon koze ann alman.
Se sèten Selesten Freinet Célestin ak Jean Piaget pa ta pase yon ti Franse ak yon ti Suis Woman 8 an nan betiz ak yon pawòl li moso yon fab Ezòp an laten.
Paulo Freire pa ta avili tèt li nan mande yon ti Brezilyen 8 an oubyen yon ti Pòtigè 8 an li yon ti koze an woumen.
Caleb Gattegno, ki te rive konn pale 45 lang, e ki te vizite Ayiti an janvye 1987, pa ta fè foli mande yon ti Ejipsyen vin li yon ti pwezi pou timoun an japonè.
Ivan Illich pa ta pini yon ti Otrichyen 8 an nan eseye fè l li an ris nan yon liv pou timoun.
Lev Vygotsky pa ta pèsekite yon ti Ris 8 an nan fè l fè yon ti lekti an tik.
Men, n ap jwenn «gran» edikatè ayisyen nan 9 depatman peyi a, ak yon malis kache nan kè yo, k ap fè ti malere 8 an abi ak «lekti» pwezi franse ak lòt koze ki maske Timalis an akademisyen franse mawon. Sa pa fatige tèt konbyen mil pwofesè lekòl primè ann Ayiti. Sa pa choke yo.
Nan yon atik jounal Le Nouvelliste (1996: 9-12) Emmanuel Buto ki te minis edikasyon nasyonal (1994-1995) ekri: plis pase 90 % elèv lekòl ann Ayiti pa konprann franse. Sou 45 mil pwofesè lekòl primè ak lekòl segondè, 80 % pa pale franse vrèman vre.
Lide ak opinyon plizyè edikatè etranje kapab ede nou wè pi klè paske yo chak fouye keksyon edikasyon ak lekòl, keksyon li, konnen, aprann, etidye, ansèyman, nan liv yo ekri. Epitou yo leve nan yon sistèm lekòl yo kritike oubyen yo rejte, kwak se pa te yon sistèm lekòl tèt anba nan menm degre ak pa nou an.
Na chonje, an 2002, plis pase yon milyon elèv, ki enskri nan lekòl, ki fèt an franse ak liv an franse, pa te konprann franse ditou premye jou yo te antre nan yon jaden danfan oswa nan yon ti lekòl primè. Men tou, reflechi sou keksyon langekrivensayotekonnpalelèyotetimoun3an,7an,8an,10an. Senan yon lang ki te rele yo chè mèt chè metrès, yo te aprann li, aprann ekri, aprann fè adisyon ak soustraksyon ak lòt pwoblèm matematik, aprann jewografi ak tou sa timoun etidye nan yon sistèm lekòl ki pa tèt anba nèt. Lang pa yo, lang fanmi yo, se te youn nan 7 lang yo rele: alman, arab, angle, espayòl, franse, pòtigè, ris. Lè y ap pale de sa timoun konnen, sa timoun pa konnen, jan timoun aprann, jan entelijans yo fonksyone, jan konesans yo devlope, sa ki kapab kontrarye
7

devlopman konesans yo, sa ki kapab ede devlopman konesans yo, ede yo reflechi, ede yo poze tèt yo keksyon, ede yo konprann tou sa yo wè, tou sa yo tande, tou sa yo santi, pi byen, eksetera, gen kichòy ki deja klè: tout aktivite etidye, reflechi, mennen diskisyon, poze keksyon, chèche repons, li ak ekri, yon timoun sèt an, uit an, nev an, diz an, ki pa depeyize, fèt nan yon lang timoun nan atrap nan lavi tou le jou a lakay li, nan zòn kote li rete a. Se pa nan yon lang li pa konnen. Se pa nan yon lang li pa tande nan zòrèy li, li pa tande lòt timoun parèy li ap pale, li pa tande nan bouch granmoun li renmen, granmoun k ap okipe l, granmoun k ap fè elevasyon l, granmoun k ap ba l edikasyon d fanmi.
show less
Information
Author ITIAHaiti Literary NPO
Website -
Tags

Looks like you don't have any active episode

Browse Spreaker Catalogue to discover great new content

Current

Looks like you don't have any episodes in your queue

Browse Spreaker Catalogue to discover great new content

Next Up

Episode Cover Episode Cover

It's so quiet here...

Time to discover new episodes!

Discover
Your Library
Search